Lik 16:26
Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen.
Cross References
Psalms 49:14(049:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.
Ezekiel 28:24Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la.
Matthew 25:46Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.
John 3:36Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.
James 1:11Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.
Revelation 20:10Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.