Luke 19:47
Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 21:23Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?
Matthew 26:55Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.
Mark 11:27Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li.
Mark 14:1Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.
John 7:19Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?
John 8:37Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.