Lik 20:23
Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo:
Bib La
In The King James Version
But he perceived their craftiness, and said unto them, Why tempt ye me?
In Context
22Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
Cross References
Matthew 16:1Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.
Luke 5:22Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?
Luke 11:16Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a.
Luke 20:20Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l' nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.
1 Corinthians 3:19Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.
Hebrews 4:13Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.