Lik 6:45
Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li.
Bib La
In The King James Version
In Context
46Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè?
Cross References
Psalms 12:2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
Psalms 40:8(040:9) Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'
Psalms 52:2(052:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
Psalms 59:12(059:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Proverbs 4:23Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.