Lik 9:32
Yon bon dòmi te gen tan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 33:18Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou!
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Daniel 10:9Lè m' tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans.
Luke 22:45Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.
John 17:24Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.
1 John 3:2Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a.