Nehemiah 13:29
O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 21:1Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
Leviticus 21:15Sinon, pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm, Seyè a, ki mete li apa pou sèvis mwen.
Numbers 16:9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Psalms 59:5(059:6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!
Malachi 2:4Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.