Psalms 115:13
L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.
Bib La
In The King James Version
He will bless them that fear the LORD, both small and great.
In Context
14Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.
Cross References
Psalms 112:1Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!
Psalms 128:4Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!
Malachi 3:16Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'.
Malachi 4:2Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
Acts 13:26Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.
Colossians 3:11Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.