Mak 13:8
Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 15:6Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lòt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo.
Isaiah 19:2Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf.
Jeremiah 4:31Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.
Jeremiah 13:21Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.
Jeremiah 25:32Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè.
Jeremiah 50:43Wa Babilòn lan pran nouvèl la. Li santi de bra l' kase. Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.