Mak 15:21
Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).
Cross References
Matthew 5:41Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l'.
Luke 14:27Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.
John 15:18Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.
Acts 6:9Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn.
Acts 13:1Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.