Lik 14:27
Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.
Bib La
In The King James Version
And whosoever doth not bear his cross, and come after me, cannot be my disciple.
In Context
Cross References
Matthew 13:21Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
Mark 8:34Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen.
Mark 15:21Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.
John 19:17Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).
2 Timothy 1:12Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.