Mak 4:24
Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
Cross References
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
Mark 9:7Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.
Luke 8:18Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwè li te genyen an.
John 10:16Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.
Acts 17:11Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.
Hebrews 2:1Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou.