Mark 8:35
Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?
Cross References
Esther 4:11Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.
Jeremiah 26:20Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.
Matthew 10:22Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
Matthew 16:25Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.
Luke 6:22benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a.
Luke 17:33Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.