Matthew 12:41
Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 3:11Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'.
Jonah 1:2li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.
Matthew 12:6Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan.
Matthew 12:42Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.
Matthew 16:4Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.
Matthew 23:36Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Chatiman gen pou tonbe sou moun k'ap viv koulye a pou tout krim sa yo.