Matie 12:42
Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:13Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a?
1 Kings 3:12M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou.
1 Kings 4:29Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire.
1 Kings 5:12Seyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.
1 Kings 10:24Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
Isaiah 7:14Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).