Matthew 22:42
Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!
Bib La
In The King James Version
Saying, What think ye of Christ? whose son is he? They say unto him, The Son of David.
In Context
41Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a:
43Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di:
Cross References
Isaiah 7:13Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou?
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Ezekiel 34:23M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.
Matthew 1:1Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.
Matthew 9:27Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou!
Matthew 16:13Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?