Matie 22:7
Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.
8Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t' merite sa.
Cross References
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Jeremiah 51:20Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.
Joel 2:11Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
Joel 3:2Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.
Matthew 21:40Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo?
Luke 19:42li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wè yo!