Akdèzapot 13:43
Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
44Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a.
Cross References
Matthew 23:15Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.
John 15:5Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
Acts 6:5Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo.
Acts 13:50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.
Acts 14:22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
Acts 17:4Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou.