Matie 24:21
Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.
Cross References
Psalms 69:22(069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
Isaiah 66:15Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.
Daniel 12:1Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.
Joel 2:2Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.
Zechariah 14:2Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.
Matthew 24:29Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.