Matie 24:39
Yo pa t' konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.
Bib La
In The King James Version
In Context
40Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.
Cross References
Judges 20:34Dimil (010.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo.
Proverbs 24:12Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
Isaiah 42:25Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!
Matthew 13:13Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.
Luke 19:44Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t' rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.
Acts 13:41Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.