Matthew 26:10
Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an.
11Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan.
Cross References
Nehemiah 2:18Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la.
Mark 14:6Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fè l' tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen.
2 Corinthians 9:8Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv.
Galatians 5:12Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou keksyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo fin ak sa.
Ephesians 2:10Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
2 Thessalonians 2:17M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.