Matthew 26:56
Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Lamentations 4:20Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon!
Daniel 9:26Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.
Matthew 26:24Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.
Matthew 26:54Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.
John 16:32Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen.