Matthew 8:20
Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.
21Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.
Cross References
Psalms 40:17(040:18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
Psalms 84:3(084:4) Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
Psalms 109:22Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.
Daniel 7:13Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.
Matthew 12:32Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
Matthew 16:13Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?