Micah 2:10
Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l' nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 20:22Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.
Deuteronomy 12:9paske nou poko antre nan peyi Seyè a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kè poze.
Joshua 23:15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
Psalms 95:11Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.