Jeremiah 6:13
Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 56:9Seyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa.
Isaiah 57:17Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.
Jeremiah 2:26Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!
Jeremiah 8:10Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
Jeremiah 22:17Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 23:11Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.