Micah 3:8
Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 11:2Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
Jeremiah 1:18Jòdi a m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a, ak wa l' yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W'ap tankou yon lavil ak gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray fèt an kwiv.
Jeremiah 15:19Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.
Ezekiel 3:14Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.
Ezekiel 20:4Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè.
Ezekiel 23:36Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo.