The Bible Software
bible.software › Micah › Micah 4 › Micah 4:7

Micah 4:7

Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Seyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.

Bib La

In The King James Version

And I will make her that halted a remnant, and her that was cast far off a strong nation: and the LORD shall reign over them in mount Zion from henceforth, even for ever.

In Context

6Seyè a di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M' aval chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo.

8Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.

Read all of Micah 4

Cross References

Isaiah 6:13Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.

Isaiah 10:21Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.

Isaiah 24:23lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Seyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.

Isaiah 60:22Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (01.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.

Ezekiel 43:7-Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.

Daniel 7:27Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Micah 4:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Micah 4:6Micah 4Micah 4:8 →