Micah 4:8
Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:21Apre sa, Izrayèl pati, li al moute tant li lòt bò Migdaledè.
2 Samuel 5:7Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.
Psalms 24:7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Song of Solomon 4:4Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj.
Isaiah 5:2Li bat tout tè a, li wete tout wòch ladan l'. Li plante pi bon kalite pye rezen ladan l'. Apre sa, li bati yon ti kay tou won nan mitan jaden an pou veye l'. Li fè yon basen pou kraze rezen yo. Li te kwè jaden an tapral ba li bon rezen. Men, se vye rezen si ase li bay.
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.