Micah 4:9
Koulye a, poukisa w'ap rele fò konsa? Se paske ou pèdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsèy la mouri?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 3:1Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo.
Isaiah 21:3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.
Jeremiah 4:21Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?
Jeremiah 8:19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.
Jeremiah 30:6Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.
Jeremiah 30:10Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.