The Bible Software
bible.software › Micah › Micah 4 › Micah 4:10

Micah 4:10

Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo.

Bib La

In The King James Version

Be in pain, and labour to bring forth, O daughter of Zion, like a woman in travail: for now shalt thou go forth out of the city, and thou shalt dwell in the field, and thou shalt go even to Babylon; there shalt thou be delivered; there the LORD shall redeem thee from the hand of thine enemies.

In Context

9Koulye a, poukisa w'ap rele fò konsa? Se paske ou pèdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsèy la mouri?

11Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt.

Read all of Micah 4

Cross References

2 Kings 20:18Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.

2 Chronicles 33:11Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.

2 Chronicles 36:23-Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.

Psalms 106:10Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo.

Isaiah 45:13Se mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè. M'ap louvri tout wout devan li. Se li menm ki pral rebati lavil mwen an. L'ap fè moun pa m' yo te depòte yo tounen lakay yo san yo pa bezwen peye anyen, ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa!

Isaiah 52:9Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Micah 4:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Micah 4:9Micah 4Micah 4:11 →