Nehemiah 10:32
Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y'ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:11Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.
1 Chronicles 26:27Nan bagay yo te pran nan lagè, yo te mete kèk ladan yo apa pou fè Tanp lan pi bèl.
Nehemiah 9:14Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.
Nehemiah 13:18Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!
Proverbs 3:9Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
2 Corinthians 8:12Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.