Nehemiah 8:16
Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Genyen ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Genyen ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 22:8Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
2 Kings 14:13Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou.
2 Chronicles 33:5Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.
Nehemiah 8:1Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.
Nehemiah 12:37Lè yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve.
Jeremiah 19:13Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.