The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 8 › Nehemiah 8:17

Nehemiah 8:17

Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete.

Bib La

In The King James Version

And all the congregation of them that were come again out of the captivity made booths, and sat under the booths: for since the days of Jeshua the son of Nun unto that day had not the children of Israel done so. And there was very great gladness.

In Context

16Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Genyen ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Genyen ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan.

18Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.

Read all of Nehemiah 8

Cross References

Deuteronomy 16:15Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.

1 Chronicles 29:22Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou.

2 Chronicles 8:13Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.

2 Chronicles 30:23Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.

2 Chronicles 35:18Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l' lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.

John 1:14Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 8:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 8:16Nehemiah 8Nehemiah 8:18 →