Numbers 14:24
Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:6Lè sa a, de nan mesye espyon yo, Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, chire rad ki te sou yo sitèlman yo te fache.
Numbers 32:11Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen,
Deuteronomy 1:36an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki va antre nan peyi sa a. M'a ba li peyi li te al espyonnen an, pou li ak pou pitit li yo, paske li te obeyi m' san gad dèyè.
Joshua 14:6Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.
1 Chronicles 29:9Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.
2 Chronicles 25:2Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li.