Numbers 16:30
Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Seyè a menm yo t'ap derespekte konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Fini li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram.
Cross References
Job 31:3Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.
Isaiah 28:21Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.
Isaiah 45:7Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.
Jeremiah 31:22Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason.