The Bible Software
bible.software › Numbers › Numbers 3 › Numbers 3:9

Numbers 3:9

W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l' yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt give the Levites unto Aaron and to his sons: they are wholly given unto him out of the children of Israel.

In Context

8Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fè tout travay moun Izrayèl yo ta gen pou yo fè nan Tant Randevou a.

10Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'.

Read all of Numbers 3

Cross References

Numbers 8:16N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo.

Numbers 8:19Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan.

Numbers 18:6Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.

1 Chronicles 15:2Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan.

Ezra 6:18Apre sa, yo òganize sèvis tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Yo separe prèt yo an divès kategori, yo separe moun Levi yo an divès klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fè, jan sa ekri nan liv Moyiz la.

Ephesians 4:8jan sa ekri nan Liv la: Lè li moute anwo, li mennen anpil prizonye ak li, li bay lèzòm anpil kado.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Numbers 3:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Numbers 3:8Numbers 3Numbers 3:10 →