Numbers 9:17
Chak fwa nwaj la fè yon leve anwo tant lan, la menm moun pèp Izrayèl yo leve, epi yo pati. Lè li desann poze sou tant lan, yo rete, yo moute tant yo la.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife.
Cross References
Exodus 17:1Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè.
Exodus 40:36Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.
Numbers 10:11Ventyèm jou, dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi pèp la te soti kite peyi Lejip, nwaj la rete, li leve anwo Tant Randevou a.
Psalms 32:8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Psalms 80:1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
John 10:3Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.