The Bible Software
bible.software › Obadiah › Obadiah 1 › Obadiah 1:20

Obadiah 1:20

Nan moun yo te depòte yo, sòlda ki moun nan nò peyi Izrayèl la va pran peyi Kanaran an pou yo, rive lavil Sarepta. Men, moun lavil Jerizalèm yo te depòte nan peyi Sefara a va pran tout lavil Negèv yo pou yo.

Bib La

In The King James Version

And the captivity of this host of the children of Israel shall possess that of the Canaanites, even unto Zarephath; and the captivity of Jerusalem, which is in Sepharad, shall possess the cities of the south.

In Context

19Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.

21Yo tout, y'a moute sou mòn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvènen tout mòn Ezaou a. Lè sa a, se Seyè a menm ki va sèl wa.

Read all of Obadiah 1

Cross References

1 Kings 17:9-Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.

Jeremiah 13:19Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pesonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.

Jeremiah 33:13Nan lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinaj Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Ezekiel 34:12Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.

Hosea 1:10Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.

Zechariah 10:6Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Obadiah 1:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Obadiah 1:19Obadiah 1Obadiah 1:21 →