Philemon 1:19
Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen.
20Wi, frè m', fè m' favè sa a nan non Seyè a. Soulaje kè m' tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.
Cross References
1 Corinthians 4:15Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.
1 Corinthians 16:21M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout.
Galatians 5:2Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.
1 Timothy 1:2m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.
James 5:19Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò,