Philippians 1:9
Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,
Bib La
In The King James Version
And this I pray, that your love may abound yet more and more in knowledge and in all judgment;
In Context
Cross References
Proverbs 4:18Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
1 Corinthians 14:20Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay.
Ephesians 5:17Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.
Colossians 1:9Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.
1 Thessalonians 3:12Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.
1 Thessalonians 4:9Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.