Philippians 3:18
Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:16otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
Psalms 119:136Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Jeremiah 9:1Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!
Daniel 4:37Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
Acts 20:19Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.
Romans 9:2Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan.