Proverbs 13:3
Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste.
Cross References
Judges 16:11Samson di l' konsa: -Si yo mare m' ak kòd tou nèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
Psalms 39:1(039:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (039:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
Proverbs 10:19Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.
Proverbs 14:3Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.
Proverbs 18:21Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.
Proverbs 21:23Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.