Proverbs 24:25
Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.
Bib La
In The King James Version
But to them that rebuke him shall be delight, and a good blessing shall come upon them.
In Context
26Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.
Cross References
Leviticus 19:17Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
1 Kings 21:19W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.
Nehemiah 13:8Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.
Nehemiah 13:25Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
Job 29:16Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
Matthew 14:4Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou.