Proverbs 31:30
Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
Favour is deceitful, and beauty is vain: but a woman that feareth the LORD, she shall be praised.
In Context
29L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!
31Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.
Cross References
Exodus 1:17Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou.
Esther 1:11Li ba yo lòd pou y' al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl.
Proverbs 1:7Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
Proverbs 8:13Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
Ecclesiastes 7:18Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.
Ezekiel 16:15Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.