Proverbs 4:24
Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.
Bib La
In The King James Version
Put away from thee a froward mouth, and perverse lips put far from thee.
In Context
25Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.
Cross References
Job 11:14Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.
Proverbs 6:12Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou.
Proverbs 8:13Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
Ezekiel 18:31Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?
Colossians 3:8Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.
James 1:21Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.