Proverbs 8:12
Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann.
Bib La
In The King James Version
I wisdom dwell with prudence, and find out knowledge of witty inventions.
In Context
Cross References
Exodus 31:3Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè,
1 Kings 7:14Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.
1 Chronicles 28:19David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè.
Psalms 104:24Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Isaiah 28:26Li konn sa pou l' fè, paske se Bondye menm ki moutre l' sa pou l' fè.
Romans 11:33O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: