Romans 11:33
O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:
Bib La
In The King James Version
In Context
32Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l' ka gen pitye pou tout moun ansanm.
34Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?
Cross References
Esther 2:22Madoche vin konn sa. Li di larenn Estè sa. Larenn Estè menm al di wa a men sa Madoche voye di l'.
Job 9:10Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Job 11:7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Job 26:14Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
Job 37:19Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.
Psalms 36:6(036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.