Psalms 116:9
Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.
Bib La
In The King James Version
I will walk before the LORD in the land of the living.
In Context
8Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.
10Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!
Cross References
1 Kings 2:4Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.
1 Kings 9:4Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan,
Psalms 61:7(061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
Luke 1:6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.