Revelation 13:16
Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:8Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo.
2 Chronicles 15:13Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a.
Psalms 49:2(049:3) gran kou piti, rich kou pòv.
Ezekiel 9:4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.
Acts 26:22Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.
Galatians 3:28Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.