Apokalips 21:10
Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 2:16Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.
Ezekiel 8:3Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.
Ezekiel 11:24Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.
Ezekiel 48:15Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'.
2 Corinthians 12:2Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.)
Revelation 4:2Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li.