Revelation 21:11
Li te klere byen bèl ak limiè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon piè bijou ki koute chè anpil, tankou yon piè jasp klè kou kristal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 4:5Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
Isaiah 60:19Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.
Ezekiel 1:26Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun.
Ezekiel 28:16Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.
Ezekiel 48:35Tout miray la nèt va mezire dimil katreven (010.080) mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!
Revelation 4:6Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.